Get Your Premium Membership

Le Landemen Apre Fet Sen Valenten

Se te yè dimanch Jou fèt Sen Valanten Nou wè kap pase anpil fanm chik ki gen Ranch anfòm, yo abiye an woz e wouj Kote anpil anmourez kap mache men nan la men Menm jan ak aktè sou enfrawouj Yo tap souri ak ri anpil. Kòm si yo tap pati Yo pran direksyon pou yal patisipe nan yon bèl seans nan paradi Manman Lanati te an woz e wouj tou, kalm e an lapè. Le lan denmen aprè fèt Sen Valenten Bagay yo pa rete menm jan Jodi a, nou tande apèn mo dou sa 'Mwen renmen ou' Kap repete nan lari ki trè pezib. Tout moun Te aji kòm moun fou yo te ajite kòm si yon bonmb Nan kèk segond pral eklate tout bilding ak kay nan vil la Oh! Bagay yo chanje ak zetwal e gwo kout peta Nan syèl la plen moun ki pè, ki gen kè sere ak nwaj yo ki brouye Lanmou kontinye defye letènite ak espontaneite Ki dire sèlman kèk èdetan ki pase vit, pasajè e efemè Apre fèt la, pafwa se yon defèt ki ki penib ak yon lagè ki anmè kwè fièl. P.S. Pou site pwovèb ayisyen sa: 'Aprè bal tanbou lou'. Translation in Haitian creole: The Next Day After The Feast Of Saint Valentine's Day. Copyright © fevriye 2021, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm

Copyright © | Year Posted 2022




Post Comments

Poetrysoup is an environment of encouragement and growth so only provide specific positive comments that indicate what you appreciate about the poem.

Please Login to post a comment

A comment has not been posted for this poem. Encourage a poet by being the first to comment.


Book: Shattered Sighs