Get Your Premium Membership

Renmenm Kounye a Oswa Jame

Renmenm kounye a pandan ke Mwen ka renmen ou an retou Renmenm kounye a kant, a volonte Mwen ka limen epi etenn dife an Renmenm kounye a pandan, ankò Mwen ka respire fasil kom yon chantè Renmenm kounye a pandan ke Mwen ka wè bote ou byen klè Pa tann demen oswa yon lòt jou Lè mwen pa ka wè lakansyèl yo ankò Lèm pa ka mache pou kont mwen sou twotwa a Ak lè mwen pa ka santi bon freshè le maten Pa jis renmenm 'nan Jou Sen Valenten Renmenm tou mèm lè kem vinn devye Renmenm kounye a oswa jamè Pou mwen ka beni ak chans san fen Kèlkeswa eta mwen ak atitid mwen Kontinye rete dosil e trete ak jantiyès Nanm mwen, kè mwen Ak kò mwen, anvan kem di orevwa. P.S. Tradiksyon 'Love Me Now Or Never'. Copyright © Fevriye 2022, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.

Copyright © | Year Posted 2022




Post Comments

Poetrysoup is an environment of encouragement and growth so only provide specific positive comments that indicate what you appreciate about the poem.

Please Login to post a comment

A comment has not been posted for this poem. Encourage a poet by being the first to comment.


Book: Shattered Sighs