Get Your Premium Membership

Bon Fet a Tout Fanm

Fanm, fanm, o fanm rapadou Boubout mwen, bèsom, kòmansmanm Nan kaye jounalye mwen chak jou Chak jou se pou ou, se jou pa ou Ou se nanm mwen, poto pitanmm Mwen renmen ou chak jou Chouchoum, mwen renmen ou. Bèl fanm, bèl cheri, bèl bote Ou nan kèm tout la jounen Ou okipe nan nan lavi mwen Ou se Princess mwen, gran Majeste Ou se larenn mwen, yon gran sous Fanm, fanm, o fanm dous Oksijèn mwen, bèl dam mwen. Fanm, fanm, kinanm mwen Etwal nan syèl, lalin lavi mwen Ou se yon poupe orijinal, bèl fanm Ou se moun ki konn naje, e rame nan lanm Ou se yon fanm ki byen akonpli nan la Bib Fanm, fanm, o fanm sansib Ou se solèy kap klere palmis mwen an. Wi ou se yon fanm natal fondamantal Anj gadyen mwen, sent vyèj mwen, ala ou bèl Lavi pagen oken sans san ou, chouchou Ou se trezòm, fanm, fanm, espwa mwen Ou se kèm, rèv mwen, nanm mwen Fanm, fanm misterye, mwen damou ou. P.S. Tradiksyon "Joyous Women’s Day" Ki ekri Pa Hébert Logerie Copyright © Mas 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Copyright © | Year Posted 2022




Post Comments

Poetrysoup is an environment of encouragement and growth so only provide specific positive comments that indicate what you appreciate about the poem. Negative comments will result your account being banned.

Please Login to post a comment

Date: 11/14/2022 8:50:00 AM
I love this poem it is truly amazing.
Login to Reply
Date: 11/14/2022 8:50:00 AM
I love this poem it is truly amazing.
Login to Reply

Book: Reflection on the Important Things