Get Your Premium Membership

Le Yon Fanm Renmen Ou

Lè yon fanm renmen ou Ou pa ka fè anyen mal Ou ka chame li ak yon ti chanson Nan men ou, li pa bezwen anpil. Lè yon fanm renmen ou Mond lan sanble li trè bèl Tout bagay anfò, an pinpan Lè yon fanm adore ou. Se tout ane a ki printan Ti zwazo yo ap repoze e yap chante Timoun yo ap jwe e yap ri Gen anpil bonè ak kè kontan. Lè ou voye flè pou li Lè ou bay li bèl bijou Li bo ou tankou yon ti bebe E li ba ou akolad pou tout yon ane. Lè yon fanm renmen ou Ou santi ou ekstrèmman byen Kay la gen anpil, yon dividal manje Paske li bay ase pou vant ou plin. Lè yon fanm renmen ou Syèl la klere epi li ble Lanmè a manyifik e trè klè Lè yon fanm renmen ou. Lè yon fanm renmen ou Solèy la cho e li pike Nwaj yo ap vwayaje Lè yon fanm adore ou. Copyright © fevriye 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève. Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm. This is a translation of the poem When A Woman Loves You by Hebert Logerie

Copyright © | Year Posted 2022




Post Comments

Poetrysoup is an environment of encouragement and growth so only provide specific positive comments that indicate what you appreciate about the poem.

Please Login to post a comment

A comment has not been posted for this poem. Encourage a poet by being the first to comment.


Book: Shattered Sighs